Mete teknoloji nan Klinik ou

Misyon nou Se:
Amelyore aksè a sante pou tout moun, kounye a e sitou pou jenerasyon kap vini yo

Icon

Pi bon kalite swen

Dokpam vle ofri bon profesyonel kap bay bon jan kalite swen

Icon

Pi bon aksè

Dokpam ap pemet tout moun jwen rapidman pi bon swen pou yo rete an sante

Icon

Pi bon pri

Bon jan zouti nou bay dokte yo ap pemet pri konsiltasyon yo bese

Fè plis moun konnen'w

Itilize entènèt la pou bay bon jan sèvis

Dokpam sevi ak entenet la pou ofri yon rezo dokte kap bay bon jan swen

Fè plis pasyan vizite klinik ou

Dokpam se yon sevis rapid ki pemet moun ki pi lwen yo konsilte lakay ou tou

We pi plis moun avek konsiltasyon sou telefon

Sevi ak zouti Dokpam yo pou amelyore swen sante yo

kèk kesyon ou dwe konnen

Kòman vizit avek video mache sou telefon?

Vizit sou telefon pemet travaye lasante bay swen a distans gras ak teknoloji kominikasyon

Kombyen map bezwen paye pa mwa pou`m itilize a platfòm la ?

Pou kounye a Doktè pa oblije peye pou yo fè pati nan rezo Dokpam. Modèl biznis nou an baze sou yon % sou tranzaksyon yo

Koman pou'm fè pou'm enskri nan Dokpam

Pou fè pati Dokpam se senp, ou gen sèlman pou telechaje App la e enskri'w. Epi pare pou sèvi plis pasyan.

Kòman'm ka fè pou'm invite lot espesyalis nan Dokpam?

Nan Dokpam nou rekonèt èd tout moun. Ou pral kapab jenere yon lyen pèsonèl ke wap kapab pataje ak lòt founisè yo. Dokpam ap kapab konpanse èd ou.

kòman enfòmasyon mwen yo proteje?

Enfomasyon ou proteje ak yon sistem ki anpeche moun li yo san otorizasyon

Kisa bank enfòmasyon Cloud la ye?

Avek sistem cloud la tout enfomasyon ou proteje a distans nan yon depo elektronik

Zouti enpòtan pou doktè yo

Fè plis moun konnen'w

Dokpam bay travaye la sante mwayen pou konekte ak tout moun tou patou

Kontwole randevou malad yo

Rete ke popoz tout randevou ou ap byen kontwole sou platfom nan

Jere dosye digital malad yo

Dosye malad yo ap disponib tou patou kelkeswa kote ou ye

Tande sa lot moun panse de nou

Florence Desrosier

“Aksè a swen sante te toujou difisil an Ayiti. Nou bezwen yon mouvman tèt ansanm kote kolaborasyon mele ak angajman manch long tout moun kap bay swen sante nesesè pou rezoud sitiyasyon sa a. Dokpam ofri yon platfòm ki pral fè tout bagay sa yo posib- Se yon sèvis ki pratik, efikas, fyab, san kè sote.”


Dr. Florence Desrosiers
United States
Dr. Kettelyne Jean-Pierre

“Amelyore swen sante an Ayiti reprezante yon gwo defi pou sistèm sante a. 70% nan popilasyon an pa gen aksè a bon jan kalite swen. Dokpam se chimen ki ka mennen nan chanjman sa a; lap ranfòse sistèm sante a pandan lap fasilite echanj ant moun kap bay swen yo ak pasyan yo, tout travayè la sante yo pwal bay menm kalite swen ak siveyans medikal kom sa dwa.”

Dr. Kettelyne Jean-Pierre
Haiti
Dr. V. Saint Joy

“Lè li aksesib, teknoloji dijital gen avantaj pou'l konpanse tout reta enfrastrikti ak materyèl, espesyalman nan peyi ki gen resous limite tankou Ayiti. Avèk kreyasyon platfòm dijital sa a, Dokpam pral itilize teknoloji kominikasyon pou fasilite aksè a swen sante epi rann pi solid rezo dijital ant pwofesyonèl sante yo.”


Dr. Veauthyelau S. St Joy
France

Nan tan kap vini yo, tout bagay ap sou entènèt.
an nou kòmanse fè'l ansanm

Aprann kòman pou'w enskri nan Dokpam